Kap Ayisyen : Lapolis flite plizyè bandi gang nan boukantaj kout zam nan Vodrèy

2,767

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Si nan depatman Lwès la fòs sekitite yo ap matrake ou flite bandi gang, ebyen se menm kad figi a nan depatman Nò peyi a. Plizyè bandi sangwen tonbe yèswà 8 me 2022 a.

Pou pi piti yon demi douzèn bandi sangwen mouri krible anba bal nan boukante kout zam ak lapolis nan zòn Vodrèy nan yon marekaj dèyè Radyo 4VEH la. Plizyè zam arive sezi.

Lapolis nan vil Okap detèmine egalman pou eradike fenomèn nan gansterizasyon an ki se yon mak fabrik rejim “Plonje Haiti Tou Kanpe” (PHTK).

Comments are closed.