Laguerre Merline se non yon jèn dam ki mouri nan kolera nan sant sante Bono.

113

01-19-2023

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Merline Laguerre se non yon jèn dam ki mouri nan kolera nan yon sant sante nan 5èm seksyon Bono ki localize a kèlke kilomèt vil Senlwidinò.

Merline mouri ak dyare, dezidratasyon ak vomisman sanrete, selon kèk temwen. Sant sante a te kenbe kò a pou fanmi lan pat al chante vèy ak kò a lakay yo pou anpeche kontaminasyon. Sepandan, sa pat anpeche fanmi yo fè veye lakay yo mèkredi ki te 18 janvye a epi yo fè fineray la jedi 19 janvye 2023 byen bonè.

Se pa sèlman nan lokalite 5èm seksyon kolera ap fè raj. Moun kapab konstate, ka mòtèl yo ap miltipliye, patikilyèman nan lopital kominotè Otrichyen nan sant vil Senlwidinò, kote ke estrikti medikal la pa pridan nan livre kadav yo jan yo vle.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.