Platfòm “Sitwayen Angaje” salye piblikasyon ofisyèl Wo Konsèy Tranzisyon an nan jounal Monitè a.

876

01-19-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Platfòm Sitwayen Angaje, atravè yon nòt, akeyi piblikasyon dekrè Wo Konsèy Tranzisyon an nan jounal ofisyèl “Monitè” peyi a. Anplis sa, òganizasyon politik la di li ankouraje aktè konsène yo travay ansanm ak fòs viv nasyon an pou yon Ayiti miyò.

Platfòm Sitwayen Angaje di yo pran nòt piblikasyon sa a, anmenmtan lap suiv pwogrèsyon komisyon teknik la ki pral gen pou l pwodui rekòmandasyon yo.

Mesye Valéry Dutreil kap dirije platfòm sila, pwofite salye nominasyon Komisè Pape Samba Mbodje nan tèt Biwo Integre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) pandan li espere nouvo lidè sa a pral akonpli misyon li nan byennèt peyi a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.