Anbasad Etazini an Ayiti anonse ke renouvèlman viza Ameriken yo rekòmanse nan mwa janvye 2023 sila.

1,075

01-18-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLANd) Anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens, enfòme tout popilasyon ayisyèn lan, atravè yon nòt ke renouvèlman viza ameriken yo rekòmanse nan mwa janvye 2023 sila.

Anbasad la kontinye pou di, yo kòmanse aksepte nouvèl demand viza yo. Dat randevou yo disponib, yon moun ki bezwen sa, ka verifye dat yo sou website la. Randevou yo limite, men yo prevwa ogmante kantite viza yo abitye bay pa mwa yo.



Comments are closed.