Moun 3è seksyon Kap Wouj selebre fèt Sen Anne ak Joachim an gran ponp, epi 25 lane depi yo pawas

07 – 26 – 2024
Kap Wouj, Ayiti _____(TRiboLAND) Moun 3è seksyon Kap Wouj ki trouve-l nan komin Jakmèl, selebre fèt patwonal yo ki se Sen Ann ak Joachen jodi vandredi 26 jiyè 2024 la. Se avèk anpil fyète fidèl yo ak tout peleren yo fete egalman 25 lane depi Legliz la vin pawas aprè 110 lane kòm chapèl.
Nan gran jou sa, Monsenyè Marie Erick Glandas Toussaint ki te vin selebre pou fidèl yo, nan omeli sikonstans lan mande tout moun yo pou yo batay pou remanbwe lafanmiy ki se baz sosyete a. kidonk, pou li menm, jan bagay yo ye la si nou pa fè efò sa pita kapab pi tris. Evèk la remèsye tout moun ki kontribye pou kenbe pawas la pandan 25 lane sa.

Divès otorite ak moun nan sosyete sivil la te reponn prezan pou asiste yon parèy seremoni ki te gen anpil anvègi. Nan fen seremoni relijyez la, Kire pawas la, Pè Jude Fils Aimé remèsye tout fidèl ak peleren yo epi remèt divès plak d’onè ak merit bay Direktè Legliz la, Jean Feston Biron, Madam Julien Bertrand, Marc Nelson, Madam Antoine Désir ak Gracilien Civil an siy rekonesans pou kontribisyon yo nan avansman pawas la.






