Nòdwès : Yon manm PHTK kase mete nan men yon lòt manm PHTK ak tout Martine Moise

2,351

11/05/2021

Dary [Daremond] map konseye w ou menm ak ti ekip Martine Moise lan pou nou resezi nou e pou nou pa kite foli fè nou anvi kenbe pouvwa pou pi lontan ap fè nou fè tenten ak nyezri jiskaske pou moun ap gade nou. Konsa, y’ap rann kont ke nou se moun ki pi engwa ki ekziste sou planèt TÈ sa. E nou kite engwa deyè net mesye dàm!

Mwen pa kwè nou ta gen odas, si nou ta vle pwezante moun ki touye prezidan Jovenel Moise la nan yon spot piblisite pou nou ta chwazi mete foto prezidan Martelly nan spot sa.
Mezanmi, se vwe yo toujou di [gwanmesi chyen se kout baton]. Men nou twò mechan mesye dàm, nou paka ap fèl jan nap fèl la.

Nou tout konnen trè byen ke ti pwovèb kweyol la di : SI OU MANJE LAJAN CHANGO FOK OU PEYE CHANGO.

Nou tout byen konnen ke Prezidan Jovenel pat gen yon goud Lesko nan pòch li poul t fè kanpann jiskake poul t rive depite pou Sikonskwisyon Podepè a levwa pou pwezidan peyia. Men, sil aksepte pwan nan men oligache yo 80.000 milyon dola (US) tol, bwa, klou, siman, fè, tant, farin, mayi, diri, lwil, pwa, somon, spam, shiko, lèt ak bato pou fè twanspotasyon yo e latriye poul al distribye pandan kanpann elektoral li nan Gran Sid la apwè pasaj siklonn MATHIEU pou l t ka rive pwezidan.

Anplis, nou konnen trè byen pase m apwè tout banboch sa yo; Jovenel woule yo tout nan farinn ak bèl pawòl dous nan pwan poz se li ki pi entelijan ke tout moun. E li pa moun ki respekte mo ak pawòl li. Menm moun sa yo depanse 34 milyon dola (US) pou yo fè peyi lòk pandan twà 3 mwà nan objektif pou yo chase l nan pouvwa ke yo te depanse kòb yo pou yo te bali a.

Apwè gwo batay ale vini antre yo; neg sa yo di lajan yo pap fè yo mete ajeno, ni mande padon e ni fè yo mawon paske [YON KONBA RETE YON KONBA]. E gen youn nan yo kite menm di li pito rete ak yon sèl Kalson, fòk li mete do Jovenel atè poul fè l respekte moun.

Epi nou pa wont ditou! Foli pouvwa ak engwatitid fè nou bliye ke se Michel Martelly ki fè nou sa nou ye jounen jodia. Paske se li sèl nou wè kap anpeche Martine Moise pwan pouvwa a. Mesye dàm nou chire e pèp la konpwann nou twè byen bann engwa.

Gwo Manno

Comments are closed.