Yon moun mouri anban bal endividi yo pa rive idantifye nan komin Senlwidinò

1,050

01-12-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Peguy alyas “Diwòzi”, tonbe anba bal endividi moun pa rive idantifye yè jedi 12 janvye 2023 a, nan komin Senlwidinò, touprè pon Rivyèdèba a.

Selon kèk temwen Peguy te abite Anwo Do, pou yon rezon ak pou yon lòt, yo te boule kay li. Se konsa, kriminèl ke yo pa arive idantifye, tann yon anbiskad pikan kwannan pou dèfen an ki te resevwa plizyè katouch.

Peguy mouri krible anba bal; men asayan yo te fini avèk kò a anba kout manchèt. Ensekirite a toujou ap vale teren nan komin Senlwidinò.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.