Ensekirite : 4 moun mouri anba bal bandi nan Kafou Fèy, pami yo 2 polisye

840

Kafou Fèy, Ayiti______(TRiboLAND) 2 polisye arive krible anba bal bandi ame jodi madi aprèmidi 10 janvye 2023 a, nan kafou Fèy nan moman yon tap tcheke yon machin sispèk.

Bandi ame ki te sou machin nan ta pral ouvè zam sou polisye yo ki mouri sou plas, daprè sa Lionel Lazarre, kòdonatè nasyonal sendika polis la, SYNAPHOA anonse.

Akote sa, genyen 2 lòt moun ki arive mouri san konte kèk blese ki viktim anba kout bal bandi yo, kap fwape avèk anpil fraka nan dènye jou sa yo.

Comments are closed.