Fidèl katolik Mòl fete Sen Patwon yo “Sen Nikola”

224

12\06\20

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Se jounen dimanch 6 desanm 2020 sa a, fidèl katolik komin Mòl Sen Nikola, depatman Nòdwès, soti tout kote pou selebre sen patwon yo ki se “Sen Nikola”.

Nan okazyon an, yon gwo seremoni pou di Granmèt la mèsi, te rive dewoule anndan pawas mòlwaz la, anprezans divès otorite lokal tankou: KASEK, ASEK Ajan egzekitif enterimè yo, san konte plizyè dyaspora ki te soti nan peyi lòt bò dlo.

Nan omeli sikonstans lan, prensipal selebran an, Rev. Pè Ervé ki sòti nan depatman lwès, ki t’ap fè yon ti rale sou divès fenomèn k ap frape demantibile peyi a pandan yon bon bout tan, fè konnen sitiyasyon an grav anpil. Pou pè selebran an, peyi Dayiti genyen twòp baryè ki separe moun ak moun; konsa, sa lakòz yon ti gwoup moun akapare tout richès peyi a poutan mas pèp la ap patoje nan la mizè.

Pè Ervé bò kote pal, drese yon tablo sonb; kotel soulinye, fonksyonman leta ayisyen k ap eksplwate, dechèpiye, vòlò tout byen peyi a, menm Jan ak kolon blan yo nan lane 1492. Li soulinye tou, movèz fonksyonman otorite jidisyè yo, ki lakòz inosan yo ap pouri nan prizon alòske kriminèl, ravisè, sanginè, kidnapè, vyolè yo kontinye ap simen dèy devan je mouche leta, nan tranpe men yo nan san ti malere ak malerèz, pandan ke la polis ap mete kriminèl sa yo anba kòd, lajistis ap libere yo.

Malgre ensekirite, lamizè, soufrans ak imilyasyon pèp ayisyen an ap fè fas kare, depi kreyasyon li pou jis rive jodi an. Pè selebran an, Rev. Pè Ervé envite popilasyon an, pran desten’l an men, pandan y’ap asime responsabilite yo, nan kolaborasyon yonn ak lòt.

Yon lòt bò, Rev. Pè Léonvil Canoius, fini pou remèsye kòlèg li yo, kite sòti tou pa tou pou vin selebre fèt la avè’l men tou, remèsye chak grenn pèleren ki sòti tout kote nan peyi Dayiti ak nan dyaspora a.

Nap soulinye pou ou, malgre Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse te nan komin Mòl, nou pat remake prezans li nan seremoni sila!

Genson HYPPOLITE, Triboland

Comments are closed.