MOSANOH klotire seri rankont yo pou ane 2022 a

1,023

12-24-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TriboLAND) Pati politik rejyonal Mouvement Solidarité pour Avancement un Nouvel Haiti (MOSANOH) klotire seri rankont pou ane 2022 a, jodi samdi 24 desanm lan. Chak 2èm ak 4èm samdi nan chak mwa, tout manm MOSANOH yo gen randevou pou vin chita ansanm pou pale politik, sosyal ak ekonomi atravè rankont yo. Samdi 24 desanm 2022 a, se yon rankont espeyal kote divès manm soti nan tout kòdinasyon nan depatman an pou vin manje, bwè ak evalye ane 2022 a.

Inisye nan lane 2009 sou direksyon François Lucas Sainvil, MOSANOH se youn nan pati politik ki toujou rete aktif nan depatman, malgre pwen mò ki genyen nan peyia, parapò ak òganizasyon eleksyon yo.

Divès manm atravè rankont sila, mande asanble a pou reflechi sou kèk pwen pou yo tire konklizyon.

Pou Mèt Jean Robert, li enpòtan pou manm yo reflechi sou detèminasyon, motivasyon ak patriyotizm. Ayisyen fè anpil kalkil, pami yo se pati a, men anyen pa janm chanje. Yo fè nou pa janm enterese konn peyia, yon fason pou-n pa batay pou chanje li.

Pou Métayer Paul Eunick, li enpòtan pou-n reflechi sou erè, anpil fwa nou fokis pou-n gade eta lòt moun, pandan nou menm ap mache sou erè. Li pouswiv pou di, anpil fwa nou fè erè nan vote nenpòt moun, pandan bay yo ap vin pi mal de jou an jou.

José Égèl envite popilasyon ayisyèn lan, konnen mak fabwik li, se youn nan mwayen kap pèmèt nou batay ak tout nou menm pou chanje peyia.

Divès manm nan asanble a entèvni sou sitiyasyon malouk peyia ap konnen; pou kèk moun, se ane ki parèt pi difisil pou peyi Dayiti. Lavi chè, ensekirite, koripsyon, movèz gouvènans se sa yo ki fè aktyalite. Peyia pa ka kontinye konsa, tout moun dwe met men yo nan pat la pou bagay yo chanje. Paske peyia pa ofwi oken posiblite pou moun fete. 

Responsab kòdinasyon depatmantal la renouvle angajman yo pou enplike nan divès sektè, tankou : agrikilti, anviwonman, sante atravè divès komisyon pou pèmèt yo touche tout kouch nan sosyete a. Yon aktivite ki te reyisi sou lidèship kòdonatè kominal Pòdpè, Mèt Calens Dubréus, e ki tout pwofite kase randevou ak tout manm yo pou 2èm samdi janvye 2023.

Comments are closed.