NÒT POU LAPRÈS : SOLID

2,372

NÒT POU LAPRÈS

Solidarite pou Demokrasi ak Devlopman (SOLID) enfòme popilasyon ayisyèn lan an jeneral ak manm li yo an patikilye ke l te resevwa envitasyon pou rankontre yon ekip konpoze de Mgr Ogé Beauvoir, M. St-Cyr Laurent (Prezidan chanm komès Lwès) ak Dr Jean-Robert Charles (Prezidan Konferans Rektè yo).

Rankont sa te fèt jodi Jedi 28 Avril 2022 a nan Otèl Kinam nan Petyonvil. SOLID te reprezante pa: Dr Evallière Beauplan, Dr Kelly C. Bastien, Dr Ernso Casimir, Dr Frantz Toyo, M. Wilkenson Bruna, Prof. Juste Jn Henri Charles ak M. Lydent Garnier.

Objektif rankont lan sete gade ansanm kòman pou nou jwenn yon antant politik ak diferan pwotagonis kriz kap wonje peyi an e rive debloke peyi an ki bloke depi twò lontan deja. SOLID aplodi anpil bèl inisyativ sa e li te pwofite pou raple medyatè yo ke li se youn nan prensipal estrikti ki pa janm rate yon okazyon pou mande tout moun fè yon sèl nan enterè peyi a. Li ankouraje medyatè yo rete solid pandan yap avanse ak bon jan metòd pou tout moun rive dakò chita pale e mande chak aktè siyen yon dokiman kote yo mete yo dakò ke pèsonn pap kite tab diskisyon yo san nou pa jwenn antant nesesè pou nou rezoud tout bon vre pwoblèm ensekirite a, pou pèmèt popilasyon an rale yon souf. Nou kwè ke se premye garanti pou youn bay lòt yon fason pou nou rive rezoud pwoblèm tankou Konstitisyon ak eleksyon Kòm chimen pou estabilite ak devlopman dirab.

SOLID rete kwè ke wout dyalòg la se sèl chemen kap pèmèt nou bay konpetans chans pou patisipe nan desizyon yo, Chanje sak merite chanje nan manman lwa peyi a, monte bon jan konsèy elektoral ke tout moun fè konfyans pou fè bon jan eleksyon demokratik .Se sèl mwayen ki ka anpeche n refè vye eksperyans ke nou konnen yo. Li ankouraje tout aktè reponn ak envitasyon yo paske peyi a pa kapab ankò, se jodi a menm nou dwe jwenn solisyon pou pwoblèm ensekirite a pou pita pa tris, popilasyon an paka tann.

Ankenn sakrifis pa twò gran pou Peyi nou an kap trepase. Li lè, li tan pou chak grenn moun transande ti enterè mesken pa yo pou avni jenès lan kap soufri twò lontan.

Pou otanfikasyon, Doktè Evallière BEAUPLAN

Comments are closed.