Yon jenn gason enskri nan pwogram Bwa Kale a nan vil Pòdpè

869

07-30-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Yon jenn gason pèsòn pa rive idantifye pase anba gwo flanm dife jodi dimanch 30 jiyè 2023, nan zòn Dè Lafabwik, nan vil Pòdpè.

Daprè plizyè temwen, moun nan zòn lan kenbe viktim nan an flagran deli ak yon akolit ki tap kase kay yon sitwayen nan zòn lan; mesye sa yo ki te gen tan kase kadna baryè a, gen tan anndan lakou a pou al kòmanse opere.

Popilasyon an ki tap dòmi yon je ouvè, yon je fèmen, te leve pote boure, pou mete sekou. Youn nan yo gen tan chape pou-l li, mal chans pou lòt la, popilasyon te mete lapat sou li.

Malgre Lapolis te gen tan rive, moun yo pat bay chans jiskaske yo enskri pwezime vòlè a nan pwogram Bwa Kale a. Daprè divès sous, jenn gason sila ki pase anba men popilasyon an, ta moun Pwent Zwazo, zile Latòti.

Comments are closed.