SEMANAH medaye Josh Casimir kòm “Ewo Ayisyen” ki arive sove plizyè vi nan nofwaj “Fly Boat” Étoile brillante lan

460

05/21/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Service maritime et de navigation d’Haïti (SEMANAH) onore Josh Casimir, natif Lagonav ki te sove 3 sitwayen ayisyen nan nofwaj “Fly Boat” “Étoile brillante” lan samdi ki te 15 me 2021 an.

Konsa, apwè gwo travay ewoyik sa, kote Josh te arive avèk ladrès sove e metrize 3 moun anlè dlo pandan pwèske 17 èd tan ap naje ak yon kòd nan senti li, Alatèt SEMANAH a, Éric Prévost Junior jodi 21 me 2021 a, nan lokal enstitisyon an ki nan Tercel, bay yon meday ak yon plak Onè ki ekri : “Onè ak Merit” dedye a Josh Casimir pou sove lavi plizyè moun pami yo yon ti bebe 3 lane.

Valorize “ewo lakay” nou se règ jwèt la! Kritik yo bat gwo bwavo ak kontantman pou diferan antite medyatik ki bay anpil kouvèti a yon aksyon parèy ki montre gen espwa nan valorize lavi anndan peyi Dayiti e egalman bay jarèt ak tout sa ki pozitif nan sosyete ayisyèn nan.

Yo gwo kout chapo egalman SEMANAH, malgre fèb mwayen yo pou delivwe yon sevis maritim ki djanm anndan peyi a. Nap raple SEMANAH antrepran plizyè gwo pwojè atravè peyi a, pami you jwen travay konstrik yon “Fa ou sinyalizasyon maritim” ou “Kay luminez” pou navigasyon, ki pa genyen lontan ke li debite nan Mòl Sen Nikola, men nan yon ti bout tan, deja rive nan tèm li. Ankò se yon lòt gwo reyalizasyon SEMANAH ki merite anpil felisitasyon.

Comments are closed.