Ayiti / Repiblik Dominikèn: Rankont echanj ant Chanm Komès Nòdès ak Chanm Komès Dajabon (RD).

05-29-2022
Dajabon RD._____(TRiboLAND) Samdi 28 me 2022 a, yon rankont dewoule ant DDNE MCI, Chanm Komès Nòdès la ak Chanm Komès Dajabon nan Dajabon, Repiblik Dominikèn.
Objetif yon parèy rankont se te mete aksan sou kore ak bay komès fwontyè a jarèt, e egalman travay ansanm sou yon seri defi ki gen rapò ak teren fwontyè a.

Aktivite travay yo te dewoule an prezans Direktè Depatmantal Nòdès la MCI Mesye Lesly THEOGENE, Prezidan Chanm Komès ak Endistri Nòdès la ki se Mesye Albert Pierre Paul JOSEPH, Chèf Komès Dajabon nan Mesye Edwan Velez, Prezidan Chanm Komès Dajabon, Onorab Senatè David Sosa, reprezantan FENE.
Inisyativ sa a, ki se yonn nan gwo inisyativ nan zòn nan, daprè Direktè Depatmantal Komès Nòdès la, Lesly Théogène ki mete anfaz sou detèminasyon Minis Komès ak Endistri a, Mesye Ricardin Saint Jean ak gouvènman an Mesye Ariel Henry a pou ankouraje devlopman ekonomik rejyon Nòdès la.
Pwen diskisyon yo te adrese nan yon anviwònman ki gen anpil respè alantou:
– Kat rezidans fwontyè a
– Balans nan komès ant 2 peyi yo
-Sinèji ant enstitisyon komès sou tou de bò zile a.
– Garanti yon perimèt sekirite pou komèsan ayisyen ki pral fè depo labank.
– Kreyasyon yon koridò kominikasyon ant enstitisyon komès sou tou de bò fwontyè a.
Se te yon trè bon demaraj nan diskisyon an ki espere ouvri wout pou yon patenarya ki pi pwodiktif nan avantaj antreprenè ayisyen ak dominiken, daprè Senatè a, Prezidan Chanm Komès ak Endistri Dajabon, Mesye David Sosa ki rapòte pwogrè gouvènman an nan sa ki gen pou wè ak dispozitif pou mete disponib yon kat rezidans fwontyè, se yon mwàyen ki pral pèmèt antreprenè ayisyen yo fè aktivite komèsyal yo nan fwontyè a. Li espere ke Gouvènman ayisyen an ap fè menm jan an pou komèsan dominiken yo ka kenbe yon kat konsa ki pral ba yo pi gwo aksè nan rejyon Nòdès la, daprè responsab Chanm Komès panyòl la.
Se konsa, aprè rankont lan, delegasyon ayisyèn lan te envite pou vizite yon fwa binasyonal atizana ak teknoloji ki te òganize anba lobedyans Direksyon Komès ak Òganizasyon Sosyete Sivil Dajabon lan.
Gen lòt reyinyon yo planifye pou kontinye diskisyon yo epi debouche sou solisyon ki dwe benefisye popilasyon nan 2 bò zile a.
Jn simon Manex, TRiboLAND






