Edwige Lalane Junior, yon ansyen vis-konsul administratè, sakaje anbasàd repiblik Dayiti a nan peyi Lafwans

535

04/12/2021

Pari______(TRiboLAND) Anbasàd repiblik Dayiti nan peyi Lafwans te anba gwo panik jodi lendi 12 avwil 2021 an, se gras ak entèvansyon fòs lòd nan kapital la, Pari,  ki evite kafe a pa koule avèk ma pou plizyè anplwaye ki loje espas diplomatik la.

Deblozaj yo te kòmanse avèk kòlè yon ansyen anplwaye anbasàd la ki pote non Edwige Lalane Junior, ki te deside demantle tout sa li te jwen sou wout li nan ansent anbasàd la ki te konplètman an boulvès. Lalane ki t’a sanble li mekontan paske yo te raple li nan peyi Dayiti depi jwiyè dènye, te itilize yon kle wou machin pou rache pot metè atè, li pèpetre yon pakèt dega ak pètibasyon ki tradwi mekontantman li kont revokasyon nan pòs Vis-Konsil Administratè anbasàd la.

Polis fwamsè ki te enfòme de sitiyasyon tansyon bwit sou kou nan espas diplomatik la, te metrize e pwosede ak arestasyon Edwige Lalane Junior ki se pitit yon ansyen diplomat ayisyen. Nan moman sa, administratè revoke a twouve li nan gadavu, alòske li nan sitiyasyon iregilyè nan peyi Lafwans.

Comments are closed.