Bandi sangwen ke yo pa arive idantifye krible anba bal Komisè divizyonè Harington Rigaud

1,448

11-25-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou yon yèm fwa, lakwa pa sispann antre devan pa pòt Polis Nasyonal Dayiti; e sa fè pou yon èym fwa gro kad nan lapolis kontinye tonbe anba bal bandi atoufè sangwen. Harington Rigaud, komisè divizyonè ou direktè  Akademi Polis la tonbe.

Bandi ki te ame jous nan dan e ki pat idantifyab, krible nan fen jounen vandredi 25 novanm 2022 nan moman li tap sòti devan lokal akademi an nan Frè, Petyonvil. Aprè zak la, bandi sangwen yo te mete van nan vlàl yo e pati ak machin viktim lan.

Komisè a ki soti nan 8èm promosyon polis la, double konpetans ekstraòdinè ke li te resevwa nan peyi lòt bò dlo. Peyi a pèdi yo gro kad kap ra pou trouve! Krim gang sangwen yo pran yon elan tèt vire ki rann disfonksyonèl peyi Dayiti ki pap dirije ou administre.

 

Comments are closed.