Mèt Jean Danton Leger mouri, li kite yon pakèt dlo nan je nan vil Leyogan.

52
0
Share:
TRiboLAND

11 – 24 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Avoka chevrone Jean Danton Leger mouri jodi madi 24 novanm 2026 la, nan lopital Sentkwa nan vil Leyogan ozanviwon midi.

Selon enfòmasyon ke TRiboLAND Medya Network arive jwen bò kote kolèg li Mèt Alcide Laguerre nan Tigwav, Mèt Jean Danton Leger se te yon batonye lòd avoka yo nan Bawo jiridiksyon Tigwav la. Li te yon avoka chevrone, pi ansyen òm delwa nan bawo jiridiksyon an. Li te komisè gouvènman nan jiridiksyon Jakmèl, e pita li ta pral devni komisè gouvènman egalman nan Pòtopwens.

Selon Mèt Alcide Laguerre, Leger nan yon sèten tan te fè yon kite metye avoka a. Konsa, li te plis oryante tèt li nan politik peyi Dayiti. Se konsa, li te arive elu kòm depite komin Leyogan pou 50èm legislati a.

Malgre tout lòt oryantasyon, Mèt la te toujou rete atache avèk Bawo a, mènm lè li te komisè gouvènman ni depite. Ankadreman li ak patisipasyon li, patikilyèman nan okazyon fèt Sen Iv, li te toujou fè santi prezans li e òganize yon seri konferans ak fòmasyon pou jèn avoka yo nan komin lan.

Pou batonye Alcide Laguerre, jiridiksyon Tigwav la fè yon gwo pèt. Se yon viritab mapou konesan an dwa ki ale! Fèt Sen Iv te toujou yon moman remakab pou jèn avoka yo; men elas, moman legasi sila riske disparèt avèk yon parèy absans.

Jean Danton Leger nan dènye jou sila yo, pat gaya ditou; sepanda, pèsònn moun pat panse li ta pral di planèt la babay si vit konsa. Li a 61 rekòt e kite dèyè yon fanmiy ak plisyè pitit enkonsolab. Nan non Bawo a, yon gwo sensè kondoleyans pou fanmiy lan, zanmi ak kolèg lejann li ki afekte nan sikonstans tris sila.

Share:

Leave a reply