Bank yo ap retounen fonksyone nan lè abityèl yo a pati lendi 21 novanm kap vini la

1,237

11-18-2022

Pòtoprens, Ayiti ____ (TriboLAND) Nan yon nòt Asosyasyon Pwofesyonèl Bank yo mete deyò nan dat 17 novanm 2022 a, yo anonse enstitisyon bankè yo ap retounen fonksyone nan orè abityèl yo, sa vle di soti lendi pou rive samdi.

Depi lè kriz gaz la te fòse bank yo fonksyone atravè yon orè redwi, swa: lendi, mèkredi ak vandredi, depi premye oktòb ki sot pase a. Yon sitiyasyon ki te koze gwo panik bò kote moun kap fè tranzaksyon yo.

Swit ak gaz ki retounen distribye nan ponp yo, semèn ki sot pase a (12 novanm) kap vann nan ajisteman pri gouvènman: gazolin 570 Goud, dizèl 670 ak kewozèn 665g; aprè gwo rate ki te genyen akoz tèminal la te bloke, malgre te gen gwo manifestasyon akoz desizyon araje sa. Asosyasyon Pwofesyonèl Bank yo anonse yap retounen fonksyone nan orè abityèl yo, soti lendi pou rive samdi.

Comments are closed.