SOADDERK: klotire 3 jounen “fwa agrikòl ak ekolojik” nan Kenskòf

344

12/26/20

Kenskòf, Pòtoprens_____(TriboLAND) Se jodi samdi 26 desanm 2020 an SOADDERK, yon òganizasyon nan komin Kenskòf klotire aprè 3 jounen, yon “Fwa Agrikòl e Ekolojik” nan kàd pwomosyon pwodwi agrikòl pou rejyon an.

Fwa sa ki sansibilize yon bon krèy patisipan tout kalite, te mete an valè pwodwi 250 plantè ki regroupe an rezo. Gras ak SOADDERK, plantè ou atizan pat manke profite yon parèy okazyon pou temwanye volonte yo nan ekspoze pwodwi lokal yo nan yon panye ki categorize an 3 seri ki se: pwodwi atizanal, pwodwi abaz plant medisinal, ak pwodwi transfòme san konte espas grandyoz pou timoun yo jwe, daprè Colon Louima, reprezantan SOADDERK.

Ansyen depite komin Kenskòf la, Alfredo Antoine te pami yon krèy moun ki te fè deplasman nan “Fwa Agrikòl ak Ekolojik”, desanm 2020

Prezans ansyen depite komin Kenskòf la, Alfredo Antoine te pami yon krèy moun ki te fè deplasman pou bay jarèt a yon parèy aktivite ki ta sanble pou anpil moun ki kwè ke genyen espwa pou pwodiksyon nasyonal la leve kanpe. “Nou gen lontan depi ke vant peyi a se nan men etranje ke li ye, li lè li tan pou leta ak gouvènman ayisyen panche sou agwikilti a yon fason pou nou kapab mwens depandan de kominote entènasyonal,” pawòl ansyen depite Alfredo Antoine ki tap depose bay laprès.

Akote seri agrikòl yo, ekspozisyon anpil èv atistik enpresiv pat manke fè je dou a tout sa yo ki santi nesesite pou yon doub pòsyon idantite kiltirèl e ki rete kwè nan jeni ayisyèn nan. Konsa, se pa premye fwa ni dènye fwa moun konstate kalite evenman sa yo ki etale potansyalite ak fòs pwodiksyon komin Kenskòf, yon rejyon sedwisant ki ofri anpil opòtunite, sitou pou sa ki kwè nan jeni ayisyèn nan!

Comments are closed.