Premye vòl yon pilòt fanm ayisyèn apati Miami pou Pòtoprens

10-06-2022
Akote souri avèk lajwà ou eksplwà seleksyon nasyonal foutbòl anpute ayisyèn lage nan kè pèp ayisyen nan moman tris sa yo, yon video kap paweze sou rezo sosyàl yo mete ankò yon espwà anplis nan nannan kè pèp ayisyen an, lè yo wè Farah Ernest, yon jèn negrès ou premye pilòt fanm ayisyèn ki tap efektye premye vòl pawezaj li an direksyon peyi Dayiti, jodi jedi 6 oktòb 2022 a.
Farah ki deklare ke li toujou reve devni yon pilòt, se premye pilòt fanm ayisyèn. Petèt li te kite peyi a pou rezon nou pa konnen, Farah pase 24 lane deyò peyi a. li eksprime lajwà ak fyète nan moman li tap di pasajè yo byenveni abò vòl li tap pilote a.

“Jodi a se yon jou espesyàl pou mwen, mwen te kite Ayiti nan lane 1998. Mwen te pran desizyon pou mwen te apprann pilote avyon, konsa jodia mwen chanse pou map efektye premye vòl mwen apati Miami pou Pòtoprens”, daprè Farah ki tap depoze abò avyon an.
Antouka, Farah Ernest ki fè fyète ras ayisyèn nan, te chwazi mete konesans nan tèt li, yon konesans ki pote espwà e ki leve kad konpetans nou byen wo!
Very good written story. It will be helpful to anyone who employess it, including yours truly :). Keep doing what you are doing – looking forward to more posts.
I love it when people come together and share opinions, great blog, keep it up.