KONKAKAF fè apèl ak yon jèn abit fanm ayisyèn pou abitre plizyè match nan kad chanpyona feminen U17 la.

1,005

02-02-24
Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Bòn nouvèl pou kò abitraj ayisyen an nan peyi Dayiti. Berline Geffrard, se non jèn ayisyèn sila ki figire pami lis abit ki pral abitre chanpyona feminen U17 la nan peyi Meksik.

Yon enfòmasyon ki ta pral mete anpil souri sou lèv kò abitraj ayisyen an e mande ak kòlèg yo pou disipline tèt yo chak jou pi plis paske lemond pa retire rega li menm pandan yon segong sou jwèt foutbòl la.
Nap raple w kopetisyon sa a, gen pou li dewoule nan jou kap vini la yo nan peyi Meksik.

Comments are closed.