Jistis sosyàl : Yon mach nan okazyon anivèsè masak 139 tipeyizan Jan Rabèl.

2,264

07-23-2022

Gwobasen, Jan Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Yon mach pasifik òganize nan komin Jan Rabèl, Gwobasen, sou lobedjans òganizasyon “Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen”, akonpaye KROS, MPNKP ak MPP, nan objektif pou mande jistis ak reparasyon pou 139 tipeyizan gran don nan komin Jan Rabèl te masakre.

Selon Pierre Joseph ki tap pran lapawòl nan sikonstans sa, tipeyizan sa yo te sibi tout kalite enjistis; chak 23 jiyè yon mach toujou òganize pou mande jistis pou tipeyizan yo, alòske anyen pa janm mache. Yon lòtbò, Pierre Joseph kritike nan mikwo TRiboLAND premye minis defakto a, ak akolit li yo ki kenbe peyi a annotaj, pandan ke pèp ayisyen an ap fin deperi sou pye.

Nap raple, mach jounen jodi 23 jiyè 2022 a, segonde plizyè jounen sòlòkòtò ki te reyini yon pakèt patisipan, jounalis ou militan tout kalite ki te soti nan diferan kwen atravè peyi a. Yo te angaje nan plizyè tematik atravè atelye travay ki gen pou wè ak refleksyon, debat e solusyon ki favorize jistis sosyàl ak bòn gouvènans pou redemaraj peyi a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.