Gradyasyon promosyon (Jacques Stephen Alexis ) nan Université Collégiale et Techniques d’Haïti 2017-2022

2,223

07-18-2022

Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Se an prezans Konsèy Administrasyon Université Collégiale et Techniques d’Haïti ak divès lòt responsab nan vil Wanament delivre diplòm bay divès etidyan.

Seremoni an ki te kòmanse avèk yon defile ki te soti nan lokal inivèsite a, te rive jis nan legliz katolik la. Konsa, yon mès ki te selebre avèk anpil cham, anpil lanmou bò kote kire pawas la.
Aprè seremoni relijyez la, aktivite yo te kontinye pou te fè plas ak divès dirijan inivèsite a ki te prezan nan espas la.

Prezidan konsèy la, Mesye Amase nan diskou sikonstans lan te remèsye etidyan yo paske yo te fè chwa inivèsite a, daprè li menm ki pat yon move chwa. Li swete gradye yo “Bonvini nan mond travay la”. Amase te tou pwofite pale ak manman yo ki te prezan pou fè yo konfyans epi voye pitit yo vin etidye nan inivèsite kolejyal la.

Nap raple promosyon an ki te gen ansyen senatè Lareche Ronald e Youry Latortue kòm parenn e Madanm Jesula Blanc marenn .

Jn Simon Manex

Comments are closed.