FRECCH Force Réelle pour le Changement de la Collectivité Haïtienne: Nòt pou Laprès

343

Pòtoprens vandredi 26 jen 2020

Nou menm kazèk nan tout peyi Dayiti, ki konpoze strikti Force Réelle pour le Changement de la Collectivité Haïtienne   (FRECCH) vle soti nan silans jounen jodi a aprè 3 zan depi nou enstale kòm kazèk nan seksyon yo.

Nou reyalize ke se sou non sèlman nou egziste! Nou pa janm ka rive jwe wòl nou tout bon; nou pa janm ka reponn avèk atribisyon nou genyen pou n fè devlopman jan tout moun konnen sa deja. Nenpòt timoun piti ka rekonèt ke devlopman peyi a pa ka fèt san kolektivite yo.

N’ap raple popilasyon an ke nou genyen 3 lane desepsyon, imilyasyon, esklizyon, abi pwomès agoch adwat. Konsa, n’ap raple prezidan Jovenel Moise, nan diskou li yo li toujou di se gras avèk seksyon yo ki fè li ka rive prezidan. Kidonk, n’ap mande l eske seksyon yo pa ekziste ankò? N’ap raple l tou, nan rankont li te genyen avèk kazèk yo nan palè nasyonal la, tout manb gouvènman an te la e yo te mande kazèk yo pou idantifye 5 pwojè dirab pou chak seksyon alòske jiska prezan anyen pa janm materialize; yo woule tout moun nan farinn.

Konsa, n’ap fini pou nou di prezidan Jovenel “bat chyen an tan mèt li”. Aprè mouvman madi 30 jwen k’ap vini la, tout kazèk ap deside vire do ba li ak tout rejim li a si lis revandikasyon sa yo pa satisfè: a) 73,000,03 goud twa santim pou egzèsis fiscal; b) 9 mwa sale pise krab kazèk yo; c) 1 lane lwaye san konte projè yo pa janm jwenn yo anndan minister Enteryè; d) yon biwo ONI pou chak seksyon yo daprè esplikasyon arete janvye 2017 la sou prezidan Privert.

Kenry Calixte,

Joseph Fenelus,

Jimmy Derisma, 

Iglaner St. Rémy,

Jean Hérard Charles,

Roselaine Theophile

Comments are closed.