Yon presume komèsan dwòg jwenn arestasyon li nan Duchiti, Pestèl

332

Pestèl___(TRiboLAND) Otorite responsab yo nan PNH anonse arestasyon Stanley Firmin yè vandredi 26 jwen an nan Duchiti, komenn Pestèl, nan Grandans peyi a.

 Stanley ki fè yon bon bout tan ap tronpe vijilans otorite yo, te jwenn arestasyon li nan moman ke li te sou yon machenn san plak ak asirans. Selon otorite DCPJ yo, Stanley te deja genyen dèyè l yon avi rechèch pou yon kantite mariwana, kokayinn, gwo zam ki bay lawouli ak gwo magogo lajan ke yo te jwenn la kay li nan Taba nan mwa me dènye.

Depi lè sa, prezume nako komèsan antre nan mawon. Yo pap bouke chèche l tankou chyen fou. Konsa, li gen pou li transfere nan depatman Lwès la, komisarya Kwa Dèboukè pou pouswit legal yo.

Comments are closed.