Ensekirite/ fanmiy Junise Joseph kritike konpòman gouvènman anplas la ki kenbe pèp la nan mizèrere.

981

09-29-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès li bay jodi jedi 29 septanm lan, fanmi Junise Joseph kite mouri anba blòk yon barikad manifestan yo te drese 26 septanm pase a, reyaji kote yo fè konnen se iresponsabilite gouvènman an ki lakoz nan tout peyi a se barikad anflame kap mete vi moun an danje.

Daprè Joanès Dalma, se yon leta koupyon e iresponsab ki mete ak yon kolònn neglijan ki koz Junise pèdi lavi l nan kondisyon sa. Selon fanmiy viktim nan, jis koulya pa gen oken entèvansyon ki fèt; yo pa menm retire blòk fè a ki toujou rete nan mitan wout la.

Joanès Dalma mande popilasyon an pou manifeste yon fason ki kòrèk pou anpeche moun ki pa konsène viktim nan sa nap sèvi pou fè baraj yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.