Dràm : Yon medsen nan vil Okap bat madanm li jiskaske li pete je li   

2,163

07-11-2022

Kap Ayisyen, Ayiti______(TRiboLAND) Vil Okap leve sou gwo chòk ak lawouli le popilasyon an aprann ke Dr Pincherle Hyppolite pete zye madanm li Percher-Lynn Ismenor 30 lane, ki se yon enfimyè e jiris.

Daprè enfòmasyon kap sikile nan vil la, ta sanble se jalouzi ki koz medsen an rive komèt zak sa. Li bat madanm li jiskaske li pete zye li.

Kèk sous pròch ta menm deklare ke viktim lan ta menm sanble ansant. Konsa, ta sanble genyen gro dout gen sou lavi timoun nan ki nan vant li a; byen ke yo pa revele konbyen mwa li genyen.

Comments are closed.