Ayiti / Kominikasyon : Yvenert Foeshter di Facebook babay

1,354

jedi 30 Jen 2022

Yvenert Foeshter, PDG Radio Sans Fin (RSF) anonse sou rezo yo, lap dekonekte tout kont Facebook li yo. Nimewo RSF la, deklare: “Mwen kite espas sa pou ayisyen yo ki plis ap krache sou zèv moun, pase pou kreye pwòp zèv pa yo”.

PDG RSF la pran desizyon sa, daprè sa li di, pou anpil ayisyen ki kache dèyè yon kont Facebook pou detwi moun, men sila yo kap fè gwo sakrifis pou peyia, pa epanye.

Daprè DG a, vire tounen, yon kwidal kreye yon paj ak yon chèn epi tonbe manke dega moun ki fè gwo sakrifis pou peyia. Yon senèryen deside atake-w sou Facebook san li pa konnen ou, ni kapab mete sa-w mete atè pou peyi-w. Anplis tan yo awogan! Deklare Yvenert Foeshter.

Yvenert Foeshter kondane anpil ayisyen pou fason yo itilize rezo yo, pou fè zen, denigre moun ak fè beef pandan sitiyasyon peyia ap vin pi malouk ou deteryore.

Comments are closed.