Lapolis nan Latibonit blese 4 bandi sangwen mòtèlman e mare 4 lòt nan yon operasyon nan baz Bwa Kale, zòn Twou Sab

1,239

01-14-2023

Gonayiv, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon operasyon ajan UDMO nan Latibonit yo mennen nan lannwit 13 pou leve 14 janvye 2023, nan zòn Twou Sab, kote gang nan baz Bwa Kale ap fè lapli ak bon tan.

Se konsa, nan yon parèy operasyon tranble janm, 8 bandi sangwen nan baz sila netralize anba kontròl fòs lòd yo: 4 nan yo blese mòtélman, alòske 4 lòt jwenn arestasyon yo: Derice Jocelyn, Joseph Jimmy, Noël Ritchie ak Dieujuste Victor pou konnya yo trouve yo nan komisarya Gonayiv la.

Lapolis nan Latibonit di yo pap dòmi, tout tan yo pa rive detwi group bandi notwa Bwa Kale kap simen latwoublay nan site endepandans lan. Divès nan yo kouri paske yo pat ka fè fas ak Lapolis ki deside konbat yo jiskobou.

Direksyon Depatmantal Lapolis Latibonit lan, raple tout jèn ki vle livre yo nan zak kriminèl òganize pou twouble depatman an, ap mennen yo dirèkteman nan Kafou 3M, ki se : mare, mawon oubyen mouri. Pandan yo konseye yo pwatike lòt aktivite ki kadre ak la lwa, si yo vle viv nan lapè.

Comments are closed.