Premye Minis Joseph Jouthe envite pou li parèt devan jij Renord Régis sou dosye Monferrier Dorval la

259

12/17/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND)  Nan kàd ankèt ki ouvè sou dosye asasina batonye lòd avoka Pòtoprens la, Mèt Monferrier Dorval, premye minis Joseph Jouthe jwen yon envitasyon pou konparèt kòm temwen devan jij enstriktè Renord Régis, 15 janvye 2021 prochen.

Antouka, òdonans lan te sòti bò kote jij enstriktè a pou mande chèf pakè Pòtoprens lan Ducarmel Gabriel pou aplike fòmalite ki prevwa nan atik 400 kod enstriksyon kriminèl la ki konfime otorizasyon prezidan repiblik la pou fasilite Joseph Jouthe parèt tèt li devan kabinè enstriksyon nan yon dàt prevu.

Konsa, premye minis Jouthe pa premye moun ke lajistis tande nan yon parèy dosye ki ta deja nan tiwà yon seri enstans entènasyonal ki mande pouvwa Jovenel Moise la anpil esplikasyon.

Asinay Mèt Monferrier Dorval la fèt 28 dawou 2020 lakay li nan Pèleren 5, jiska prezan se moun tankou Modler Senegeau, alias « Abidy », Valéry Dort, Vilpique Dunès ak Mackender Fils-Aimé se sèlman 4 endividi sispèk sa yo ke lajistis deja tande e bourade dèyè baro.

Comments are closed.