Lapwès nan peyi Dayiti manke plonje nan dèy.

2,199

Yon jounalis viktim anba bal mawon ke pèsòn pa rive idantifye nan zòn Channmas.

06-28-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Choubert Tchabaly, se non yon journalis kap travay pou medya anliy “Eko Lakay”, ki resevwa yon bal mawon nan senti anba men endividi moun pa rive idantifye aprèmidi lendi 27 jwen 2022 an, zòn Channmas nan Pòtoprens.

Zak regretab sa a pase, nan moman jounalis la tap rantre lakay li. Sepandan, gras ak entèlijans epi dilijans fanmiy lan, Tchabaly te kouri pran wout lopital, kote eta sante li pat twò grav pase sa.

Aksyon malonèt sa rantre nan kad fenomèn ensekirite a kap vale teren depi dig dantan, kote jiska prezan gouvènman moun tèt san cheve yo, pa gen oken kapasite ak konpetans pou frennen fenomèn flewo!



Comments are closed.