Jean Renel Sénatus : Gang Village de Dieu ap planifye pou fè dap piyanp sou Palè Nasyonal

1,739

06-24-2022

Potoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon emisyon ki titre “Le rendez-vous” ki prezante anba lobedyans Assad Volcy, ansyen senatè Lwès la, Jean Renel Sénatus gaye wonn lan avèk yon revelasyon frakasant ak alamant nan moman li tap prononse li sou dosye nouvo kod penal ayisyen an.

Senatè Sénatus nan entèvansyon li, fè eta de yon plan bandi Village de Dieu yo ki vize pou fè dap piyanp sou Palè Nasyonal. Pou Mesye Sénatus, otorite konsène yo okouran de yon parèy plan bandi sangwen ame yo ki genyen “Izo” nan tèt yo nan Village de Dieu.

Pi lwen, Sénatus lonje dwàt jouda sou entènasyonal ki okouran e apiye yon parèy plan malfektè, yon fason pou kontinye fini ak Ayiti nèt nan efondre l ak sal imaj li.

Comments are closed.