Ayiti-Jistis : Muscadin pran yon lòt gro reken nan nas nan Miragwàn

1,989

 06-21-2022

Miragwàn, Ayiti______(TRiboLAND) Se evidan, moun kap sèvi ak “dwà moun” pou bay bandi yo tete pràl move pirèd nan yon konteks kote ke deja pa genyen dwà anndan peyi a! Pou yon lòt fwa ankò, komisè Jean Ernst Muscadin nan komin Miragwàn arive pran yon lòt gang sangwen, Jean Lycée alyàs “Gro Reken” nan nas nan lanwit lendi 20 jwen pou rive madi 21 jwen 2022 a, nan depatman Nip lan.

Responsab kap patrouye vil Miragwàn nan prosede ak arestasyon “Gro Reken” devanjou nan zòn Idyàb, kote ke li te genyen yon pistolè nan men’l. ‘Gro Reken” se yon natif Tomond, li soti nan zantray yon group gang ki te genyen nan tèt li yon chèf gang ki te rele “Lòlò” nan zòn Chalon nan Miragwàn. Lòlò, selon kèk sous polisyè, te mouri nan moman li tap eseye kidnape yon moun nan vil Miragwàn, sa genyen 2 lane.

Se konsa, chak tantativ ki fèt pou ale vide atè plat komisè gouvènman Muscadin, anpil nan yo bwè lwil muskad! Koulya, anpil moun rete kwè se moman pa “Izo” pou li pote tèt li olye lap voye ti malere sòlda yo al mouri. Kontrèman ak lòt ka yo, “Gro Regen” pa jwen lanmò!

Comments are closed.