Senlwidinò/ kanbriyolaj: Lapolis arete Wendy Dirosier pou vòl tout kalite

1,987

06-20-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan komin Senlwidinò mete anba kòd Wendy Dirosier nan jou ki sot pase yo. Yo akize prezime koupab la kòmkwa li te patisipe nan kanbriyolaj, vòl telefòn, alyans bag ak yon magogo lajan ki evalye a 115 000 goud lakay Frederick Roland ak Peterson Petivil nan komin Senlwidinò nan devanjou maten ki te 4 jwen 2022 vè 3zè.

Prezime bandi Wendy Dirosier prezante bay lapolisyon bòs òfèv Cleopha Innosant ki te achte alyans lan, li prezante egalman Ecsius Andre ki te achte plizyè telefon; plis yon lòt sitwàyen ki te gen yon telefòn. Pou sa ki gen pou wè avèk 15 000 goud Peterson nan ak 100000 goud Frederick, Wendy ta sanble ap reflechi toujou.

Pou koulye a, prezime eskanmòtè a ak tout rès akolit li yo ap reflechi nan komisarya Senlwidinò jiskaske jij depè nan tribinal la transfere dosye a nan tribinal premye enstans Pòdpè a.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.