Eskandal : Ansyen Senatè Wilot Joseph akize Senatè Rony Celestin kòm asasen plizyè krim

0 3,076

Senatè depatman Sant lan, Rony Celestin tonbe anba akizasyon kòm moun ki ta patisipe nan konplo pou asasinen yon jounalis, yon Komisè gouvènman ak yon ansyen Prezidan.

Nan kad echanj mesaj telefonik jounen jedi 16 Jen 2022 a, ansyen Senatè wilot Joseph akize Senatè Rony Celestin kòm kwa li ta patisipe nan asasina ansyen korespondan radyo Mega a nan Mibalè, jounalis Néhémie Joseph,kite asasinen nan dat 10 oktòb 2019.

Anplis korespondan radyo Mega a, pou ansyen Senatè a, senatè an fonksyon depatman Sant lan, se yonn nan sispèk nan asasen ansyen Komisè gouvènman pòtopwens lan, Me. Claudy Gassant ke yo te jwenn mouri nan dat 31jiyè 2021 an.

Pou Wilot Joseph, palmantè Sant lan, se yonn nan moun kite finanse nan dat 6 pou rive 7 jiyè pase a, asasina ansyen prezidan moun tèt san cheve yo, ki donk Prezidan Jovenel Moïse.

Ansyen Senatè a fè konnen, palmantè Sant l’an, te patisipe nan krim ansyen prezidan an, yon mannyè poul te kapab fè dapiyanp sou tout antrepriz ke yo te genyen ansanm.

Li kontinye poul di anplis de yon asasen, senatè Rony Celestin se yon kontrebandye,yon dilè dròg epi yon vòlò machin.

Leave A Reply