KAP-Asenisman : Yon mouvman sosyal “Labadi Pwòp ” lanse nan vilaj Labadi.

2,598

06-10-2022

Labadi Pwòp” se non,Yon mouvman sosyal ki l’anse nan vilaj Labadi pou rele koukouwouy dèyè salte nan depatman Nò peyi Dayiti.

Kap Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè atis Okyjems te fin pran inityativ pou netwaye vil Okap, yon gwoup atis lokal ki rele “TEAM LABADEE” deside nan menm lojik la lanse “Labadi Pwòp”.

Yon parèy mouvman genyen pou objektif “netwayaj”, yon fason pou konbat salte ki genyen nan vilaj Labadi kap prepare pou fete 50 lane Sen Patwon yo kise Monkamèl.

Selon Mellus Joël, yonn nan moun kite vini ak ide a, konfime ke “TEAM LABADEE” pa danse kole ak politik men pito akse sou sosyàl ki pran an konsiderasyon aksyon sitwayèn fas ak yon seri bezwen kominotè.

Nan sans sa a, Joël mande ak tout pitit vilaj la kap viv Ayiti kou nan dyaspora a, pote boure pou chanje sa.

Genson Hyppolite

Comments are closed.