Kodonatè nasyonal pati politik Demokrat Vizionè pou yon Nouvèl Ayiti, plede anfavè yon estate eta federal pou Ayiti.

04/02/2026
Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Met Jonas Revange, kòdonatè nasyonal Demokrat Vizione pou yon Nouvèl Ayiti, realize yon virewon atravè kèk komin nan depatman Grandans lan. Objektif rankont lan ak sektè òganize nan sosyete sivil lan, antre nan kad pou fè pwomosyon sou kesyon chak depatman jeografik peyi a vinn yon eta federal.
Daprè mèt Revange, federe eta yo, se pwal pwensipal mwayen pou devlope peyi a, kote chak depatman ap genyen yon gouvènè ki pou gouvènè li. An tèm otorizasyon ekonomik, ap gengen yon enstans ki se Lakou Sipwèm an tout ekilib pou kontwole gouvènè kap dirije dis eta yo nan repiblik lan.
Pou sa posib, kodonatè nasyonal pati politik Demokrat Vizionè pou yon Nouvèl Ayiti a, mèt Jonas Revange mande sosyete grandanslèz lan pou vote atravè referandòm lan, pwensip ki baze sou kesyon referandòm lan, sitou atik ki pale eta federal yo.






