Ministè afè lòt bò dlo peyi Dayiti revoke paspò diplomatik 19 senatè ki te nan fen manda yo

0 445

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè sòti, ministè afè lòt bò dlo avèk Kilt peyi Dayiti a anonse ke paspò diplomatik 19 senatè ki te rive nan tèm manda yo 13 Janvye 2020 ki sot pase la revoke.

Nan kominike sa ki te ale jwènn ministè enteryè a, chanselye ayisyènn nan mansyone ke desizyon revokasyon idantifikasyon sa yo pa konsène senatè Kedlaire Augustin, Wanique Pierre, Jean Marie Ralph Féthière et Jean Rigaud Bélisaire, Denis Cadeau, Joseph Lambert, Rony Célestin, Garcia Delva, e Pierre François Sildort.

Nap raple, ansanm senatè sa yo ki te konstitye yon 2/3 nan sena a genyen plizyè manm nan fanmiy yo ki afekte anba mezi ki anile paspò diplomatik yo.

Leave A Reply