GARR: PEYI VWAZEN AYITI A DEPÒTE ANVIWO 1700 AYISYEN NAN DÈNYE JOU SA YO.

2,250

05-29-2022

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan yon rapò ki pote non Groupe d’Appui aux Rapatriés et Réfugiérs (GARR) yo fè konnen, otorite dominiken yo depòte nan dat 27 me pase a, anviwon 1700 konpatriyòt ayisye, pami yo 76 timoun ak plis ke yon douzèn fanm ansent.

Anpil gwo mezi ap kontinye pran pou depòte ayisyen yo nan fason ki pa kadre ak Konvansyon Entènasyonal yo nan Sendomeng, pandan ke gouvènman Ariel Henry la, pa janm di yon mo; non sèlman pou fanm ansent yo, men tou etidyan ki pa janm sispann sibi gwo zak vyolans anba men pèp dominken an.

Comments are closed.