Yon lòt ajan UDMO 14è pwomosyon tonbe anba bal bandi sangwen nan Kwadèboukè

1,352

Pòtoprens____(TRiboLAND) Anéus Ketcham, se non yon polisye 14è pwomosyon nan PNH la ki tonbe anba bal bandi sangwen jounen vandredi 27 me 2022 a nan komin kwadèboukè, patikilyèman nan zòn Kafou Marasa.

Pou anpil moun, se bandi sangwen 400 Mawozo nan komin Kwadèboukè, ki arive krible e touye anba bal Anéus Ketcham nan moman li tap rantre lakay li.

N ap raple ou, avèk prezans nouvo DG PNH la, Frantz Elbé, lapolis ak baz 400 Mawozo pa janm sispann troke kòn yo.

Comments are closed.