Òganisasyon Nasyon Tèt kole yo (ONU) resanse plis pase 230 ka kidnapping pou ane 2020 nan peyi dayiti

208

02/18/2021

Wachennton____(TRiboLAND) Haiti pa sispann fè pale de li nan zafè kidnapping. Nan yon rapò ke li prezante devan Konsèy Sekirite ONU an, sekretè jeneral Nasyon Tèt kole yo, Antonio Gueterres konfime ke yo sinyale 70 anlèvman nan mwa septan ak desanm.

Prèske pou tout ane 2020 an, ka anlèvman ou kidnapping pa sispan monte balkon e yo bay moun anpil lawouli. Yo miltipliye de fason enkyetant avèk yon montan 200% kontrèman ak ane pase ki te nan 234 ka, pami yo ou jwen 59 fanm ak 37 ti inosan.

Li bon pou moun konnen ke ant septanm 2020 rive janvye 2021, BINUH arive resanse 215 ka anlèvman swa 32 fanm, e , 9 ti fiyèt ak 8 gason.

Nap raple, enstitisyon PNH la, ki swadizan ap pran lanm nan eskonte divès estrateji ki pandan plizyè ane pa arive ateri.

Comments are closed.