2 boubout reselè manm gang Baz Gran Grif jwen arestasyon yo

1,229

09-07-2022

Sen Mak, Ayiti (TRiboLAND) Si nou ta vle kwè komisè gouvènman anatandan vil Sen Mak la, Moise Derestin, fòs lòd yo arive fouke n ak Lovelie Elygeune ke yo akize ki kòm manman fanm yon seri manm gang Baz Gran Grif ki tap feraye nan zòn Savyen, premye seksyon kominal Ti Rivyè Latibonit.

Arestasyon reselè yo fèt jodi mèkredi 7 septanm 2022 a, alòske otorite lokal yo fèmen yo dèyè baro nan komisarya Sen Mak pou swit legal yo fas ak akizasyon boubout gang ak konplisite nan sosiyasyon malfektè.

Comments are closed.