Nòdwès/ Krim : Yon chèf gang nan zòn Lakwa Sen Jozèf egzekite papa yon lòt chèf gang.

2,968

05-18-2022

Lakwà Sen Jozèf, Pòdpè____(TRiboLAND) Yon chèf gang ki pote non Erick Prosper kap kòmande zòn Lakwa Sen Jozèf, egzekite, Georges ensikoni kise papa Wadson, yon chèf gang kap opere nan zòn Madlon, yon rejyon ki localize a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Zak kriminèl la pase nan zòn Kola yon lokalite nan Lakwa Sen Jozèf jounen madi 17 me 2022 a.

Dapwè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND. Selon chèf gang k ap kòmande Lakwa Sen Jozèf la, li arive touye Georges nan lide pou tire revanj pou ti frè li Dosou Prosper ke, chèf gang Watson nan Madlon an te tchake ti moso pa ti moso.

Nan moman chèf gang Lakwa Sen Jozèf la, Erick Prosper te kenbe Georges la, li te fèl pale e menm depale jiskaske li rive site divès non kite patisipe nan lanmò Dosou Prosper ki te ti frè chèf gang sangwen Erick.

Antouka, pou Erick Prosper bagay la pa fini la, li pwomèt nan jou kap vini la yo, fanmi ak tout moun ki te patisipe nan lanmò frè l la pral sibi menm zak la.

Comments are closed.