Lapolis nan Nòdwes poze lapat sou yon chèf gang nan yon sant medikal

3,097

05-16-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la, poze la pat sou Loriston Widley, 27 lane alyas “Traka” 3e chèf gang “Guêpe Noire”, nan yon sant medikal ki pote non” prophylaxie”, jounen dimanch 15 me 2022 a.

Arestasyon sa a rive fèt aprè 3e chèf gang lan te fin ouvè kout bal sou lapolis nan zòn Dèyè Letan nan dat vandredi 13 me 2022 a, e ta pral resevwa yon bal nan pye goch li.

Konsa, nan lide pou jwenn entèvansyon medikal pou blesu a, chèf gang Traka te santi nesisite pou l al pran swenyàj an daki. Nan sans sa a, lapolis nan depatman Nòdwès la ki patap dòmi e ki tap chèche chèf gang sila kou chen fou te tou pwofite poze la pat sou li.
3e chèf gang “Guêpe Noire” a ki pote non Traka tap simen latwoublay nan divès kwen nan vil Pòdpè pou koulya lap reflechi nan gardavi komisarya Pòdpè a.

Comments are closed.