Kominote entènasyonal la ta sanble pentad pentad sou ajanda elektoral Jovenel Moise la

412

05/02/2021

Pòtopwens______Yon kriz ilimite ki pa sispan make ak santèn zak kidnapping, egzekisyon somè pwèske chak trant munit, dola ameriken akapare, ensekirite alimantè trè alamant alòske yon seri iresponsab fè tèt yo pase pou chèf e kontinye avèk yon vitès vètijinez efondre peyi Dayiti nan yon kesyon ajanda elektoral pwograme ki pa sispan konteste atravè peyi Jan Jak Desalin nan

Fas ak yon parèy postu iresponsabilite ou anemi antèm gouvènabilite, kominote entènasyonal kòmans manifeste rezèv sou pwojè referandòm konstitisyonèl Jonel Moise la. tout skruten yo ap esseye rabat an reta depi plizyè lane ak eleksyon lokal, senatoryàl, lejislativ ak prezidansyèl: yo tout konstitye yon defi majè pou Jovenel Moise ki ensiste mete tèt li dwàt nan yon demach referandòm konstitisyonèl ke konstitisyon 1987 la entèdi.

Dènye an dàt, kominote entènasyonal la ki regwoupe : ONU, OEA, Core groupe, ak plizyè anbasàd tou resamman deklare ke yo pa retrouve ase transparans, enkluzyon ak patisipasyon lòt sèktè kle nan vi nasyonal la. Anplis, dènye deklarasyon Depatman Deta Ameriken ki reyitere volonte li pou li pa bay jarèt finansyè a yon parèy demach elektoral; kwake gen kritik ki toujou panse ke peyi Etazini kapab toujou bay supò li atravè lòt òanizasyon entènasyonal tankou OEA ak ONU.

Konsa, gouvènman defakto a pa manifeste oken entansyon pou fè bak aryè. Atravè minis Afè Lòt Bò Dlo a, li antreprann lòt etap ki pou envite yon lòt fwa ankò OEA mandate yon misyon pou yon evantyèl dyalòg politik ki kapab bay òganizasyon referandòm yo benediksyon. Antretan, yon Ayiti kontinye ap somalize, gansterize, senyen, kriye e trepase anba dràm asasinay ak kidnapping chak jou nan kapital la ak nan kèk vil pwovens.

Enel Richard

Comments are closed.