Plizyè peyi Gran Toryan chwazi pa akòde viza bay yon seri gro palto ofisyèl Dayiti

2,952

04-17-2022

TRiboLAND konfime plizyè gwo palto ou ansyen ofisyèl ak fonksyonè Leta Ayisyen tonbe anba sanksyon ki gen pou wè avèk “Lwà sou devlopman, responsablite ak transparans enstitisyonèl nan peyi Dayiti” ke Kongrè Ameriken an te vote a.

Peyi tankou Lafwans, Etazini ak Kanada deside sanksyone plizyè annafè ofisyèl ak fonsyonè leta ayisyen atravè eliminasyon viza bò kote sèvis konsulè anbasàd etranje sa yo.

Me kèk pwezume annafè ki ta sanble pèdi ou pa jwen viza diplomatik anba “Lwà sou devlopman, responsablite ak transparans enstitisyonèl nan peyi Dayiti a”:

Minis Enteryè a : Liszt Quitel ak tout fanmiy li. Nap raple genyen gro akizasyon ka kidnapping ki pandye sou minis lan.

Minis Agwikilti ak Resous natirèl : Brédy Charlot

Ansyen PM : Evans Paul

Senatè : Gracia Delva, ke yon jij apènn blanchi pou akizasyon zak kidnapping

Senatè ou Prezidan Ti Miyèt Sena a: Joseph Lambert

Si vrèman genyen yon efò pou demaske ou rapouswiv kòriptè ki efondre peyi sa a; genyen ti kal espwà pou lavi reprann anndan peyi Dayiti, sitou si yo ta kòmanse ap sezi byen yon pakèt prezidan, senatè, depite, minis, sekrete deta, ofisye ou polisye, avoka, jounalis e latriye ki piye peyi Jan Jak la.

Enfòmasyon yo fè eta de yon lis manch long ki chaje ak pwezume annafè tout kalite tankou: gagotè, kidnapè, siwotè, kòriptè ou malfektè ki deplimen Ayiti. TRiboLAND antisipe anpil kè kase ak tranble janm nan jou ki pa two lwen yo.

Comments are closed.