Lapolis fouke yon malfektè raketè ayisyen sou akizasyon cyberkriminalite

3,049

03/24/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Fas ak yon seri toumant ak deklarasyon plizyè viktim ki deja pran nan woulo anba men cyberkriminèl ayisyen, Wesly Pierre ki genyen 28 rekòt, jwenn arestasyon li anba akizasyon; fo dokiman vwayàj, sèvis finansye, djob, sèvis aketè nan achte viza dominiken, fo konpetans, eskokri ou malfektè.

Yon parèy kout file antre nan ka yon seri pikan gwannan, pèlen, bon zouti ak zatrap estratejik ke otorite PNH yo mete sou pye yon fason pou yo kapab arive trake ak gen kontwòl malfektè sangwen ki pwofite vilnerabilite pweyi Dayiti an matyè teknolojik pou mennen aktivite louch ou cyberkriminèl sou rezo sosyàl yo.

Antouka, PNH la ap eseye bay dèyè l 2 tap, yon fason pou mete fen nan piyày libètinày cyberkriminalite nan sosyete ayisyèn nan. Yo ta sanble ap fè gro jefò pou pran raketè nan ratyè.

Comments are closed.