Legliz katolik enplemante protocol sanitè pou repriz aktivite relijyez yo

350

Pòtoprens____(TRiboLAND) Finalman, “aprè 3 mwa anviron anba kowonaviris, legliz Katolik pràl repran aktivite relijyez yo; yo mete anplas yon protocol sanitè yon fason pou kontinye pratike konsiyn sekirite sanitè yo nan kàd konbat kowonaviris la ki toujou ap vale teren”, se deklarasyon Monsenyè Max Leroy Mesidor, Acheveche Pòtopwens.

Selon responsab legliz Katolik yo, tout Evèk gen pou devwa mande tout prèt ak kire pou yo ranfòse pwensip sanitè yo; e pou chak selebrasyon, legliz dwe resevwa yon tyè nan manm li yo. Konsa, ap genyen egzijans pou seyans selebrasyon yo ogmante; aprè chak selebrasyon, li enpòtan pou genyen yon demi èd tan pròpte ou dezenfektasyon.

Anplis, akote enplemantasyon distansyasyon fizik yo ki dwe klèman define ak 1 mèt 50 lan, tout fidèl patisipan yo dwe konplètman pote mas. Acheveche Pòtopwens la kontinye pou’l di ke li enperatif pou genyen jèl idro alkolik ki sou plas pou fidèl yo e akomodasyon pou (espas rezève ou apropriye) pou sa yo ki andikape.

Comments are closed.