Nòdwès : Direktè PNCS demanti enfòmasyon ki taka fè kwè ke depatman nòdwès la pa ta benefisye kantin eskolè a

3,137

04/06/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak la pwès semèn pase a, Dr. LOUIS JOHN PETERSON direktè PNCS branch Nòdwès la demanti enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyal yo ak divès estasyon radyo pou fè konnen ke depatman Nòdwès la pa benefisye kantin eskolè a.

Nan sans sa a, responsab la ki tap pale e ki tap pote presizyon sou kantite kagezon manje ki rantre nan depatman Nòdwès la, fè konnen ak volonte nouvo direktris jeneral la deja genyen 4 kagezon manje ki rantre pou ti moun lekòl yo.

Dr. Louis voye yon pinga bay direktè ak direktris lekòl yo ki toujou gen tandans fè chimen krochi ak manje ti moun yo; li soulinye si tout fwa enspektè yo ta rive dekouvri yon parèy ka, lekòl sa a non sèlman pap gen chans pwolonje nan pwogram sila men tou li genyen gwo konsekans anretou kap tann li.

Doktè Louis ankouraje direktris jeneral la Madame Gina Guillet D. ki se pitit Nòdwès natif natal pou li kontinye travay san dekourajman paske Nòdwès bezwen efò li yo.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.