Goal.com nome Melchie Daelle Dumornay kòm mèyè jèn jwèz sou planèt la

3,369

03/22/2022

Melchie Daelle Dumornay, jwèz ayisyen ki pa manje anyen ki fwèt nan aktivite mate boul nan foutbòl fanm yo e ki ap evolye kòm mitan teren nan estad Reims, (D1 Française) nan nivo pwofesyonèl, resevwa yon distenksyon “Mèyè jèn jwèz mondyàl” byen merite nan tounwà jèn ak senyò Konkakaf, dapwè magazine “Goal”.

Melchie Daelle Dumornay, (Coventina) ki genyen yon pakou san limit nan jwèt foutbòl la, montre dinanism li nan plizyè konpetisyon, patikilyèman nan koup mondyàl fanm ki gen pipiti ke 20 lane; anplis jwèz bèl longè a te fè onè estad Reims lan nan plizyè seyans konpetitiv kote ke li make yon seri gòl ak pas desiziv ki fasilite yon seri viktwà ak ekip fanm estad Reims nan, nan sezon sa.

“Goal” rekonèt lakay Dumornay yon “vrè etwàl”. Yo te chita sou pwestasyon pèsonèl ak kolektivite li demontre nan mitan klub ke l’ap evolye a. Konsa klasman Goal.com lan, plase grenadyè a devan Mary Fowler, Haley Bugeja, Alexis Missimo ak Lisanne Grawe kòm mèyè jèn jwèz sou planèt la.

Konsa, Coventina pat pran tan pou te afiche sou paj Facebook li, gratitid ou remèsiman anvè yon pakèt lòt antite ki te pèmèt li ranpòte pri NXGN, “Mèyè jwèz pi ba laj 19 lane sou planèt la”. Bijou ayisyèn nan deklare, “ mwen santi mwen onore e remèsye Bondye, Goal.com, ak tout lòt moun, fanatik ki ba mwen jarèt pou mwen te kapab rive nan yon parèy nivo. Mwen pràl kontinye bay tout sa mwen kapab bay, dapwè sa superstar a ekri sou kont Facebook li.

Comments are closed.